Konsèy pou tout moun ki gen kòb nan labank an Ayiti. 🇭🇹


Konsèy pou tout moun ki gen kòb nan labank an Ayiti. 

1.- Pa bay labank bon adrès ou. Anpil nan anplwaye bank nan rezo kidnapè.
2.- Pa mete gwo kòb ou nan yon sèl bank.
3.- Pa aksepte yo voye ''état de compte'' lakay ou oubyen kado finisman ane ba ou nan adrès lakay lè w se gwo klyan.
4.- Pa janm respekte randevou bank ba ou lè w se gwo klian. Toujou ba yo sipriz.
5.- Pa janm fè gwo retrè: fè plizyè retrè pandan plizyè jou ak plizyè kote.
6.- Chache genyen nimewo telefòn ak adrès moun ki ap sèvi w nan bank yo lè w se gwo klian. Pou ka frape yo lè w sispèk se yo ki frape w.
7.- Bay bank yo plizyè nimewo telefòn pou yo pa fin konnen ki kote yo ka jwenn you.
8.- Ba yo sèlman nimewo edem peze, pa ba yo nimewo telefòn entelijan w.
9.- Toujou montre anplwaye bank ou pa bezwen zanmi yo, e ke w pa fè yo konfyans.
10.- Pa di nan antouraj ou kilè, ki kote w pral labank, ni ki montan w pral pran.
11.- Fè moun kredib akonpaye w lè w oblije fè tranzaksyon ki enpòtan.
12.- Pa bay anplwaye w lajan likid kòm salè. Ba yo chèk oubyen fè virman pou yo.
13.- Denonse bay DCPJ tout anplwaye bank ou sispèk ki on tijan dwòl lè w ap fè tranzaksyon enpòtan.
14.- Denonse bay DCPJ tout anplwaye bank ki ap itilize telefòn deyè kès la.
15.- Denonse bay DCPJ ak nan emisyon gran ekout nan laprès tout bank ki gen nèg a moto sou lakou yo.
16.- Denonse tout
 estasyon moto ki tou pre yo kelkeswa bank lan.
17.- Ey pou èy, dan pou dan: yo frape w, frape yo tou.
18.- Kanta laprès yo dwe site klèman nan ki bank viktim yo te soti. Pa gen afè pwoteje ti piblisite.

NB. Si gen lòt pwen n ajoute, epi pataje yo sou tout rezo sosyal yo.

Comments

Popular posts from this blog

Jeff Bezos plus riche que le Maroc et 85 pays les plus pauvres au monde

Courageuse Jeune Haitienne face a L'ex president Michel Joseph Martelly et Roro Nelson

Tentative d’incendie d’une succursale de Sogebank à Port au Prince